Kominote ayisyen-ameriken an pa vrèman gen lavwa ochapit nan peyi etazini. Se ak lajan pou kapte atansyon politisyen. Malerezman, kominote ayisyen-ameriken pa gen nan men'l e pa gen okenn politisyen ki reprezante enterè l. Pou tèt sa, kèlke swa sa yo lage nan kwi nou, nou oblije aksepte'l. Pwoblèm lan sè ke pifò Ayisyen Ameriken se blan an ak Kiben an y'al van lè pou yon ti kraze ki pa menm pèmèt yo okipe tèt yo. Kidonk, yo pa gen lajan pou yo bay politisyen k'ap fè kanpay pou politisyen sa yo ta ka al goumen pou yo. Sètènman, gen kèk pwofesyonèl ayisyen ki rive reyisi Ozetazini, e gen kèk menm, se pa siksè yo fè sèlman. Sepandan, sa a se eksepsyon an. Kantite ki reyisi a minim anpil. Pi fò lòt yo se mang y'ap manje. Emisyon sa a gen objektif pou'l edike kominote ayisyen-ameriken an sou diferan fason pou fè lajan Ozetazini epi ede biznis ayisyen devlope pou yo ta rive fè konpetisyon ak biznis blan yo ak Kiben yo.
La communauté haïtienne-américaine n'a pas vraiment de voix politique aux États-Unis. Il faut de l'argent pour capter l'attention des politiciens. Malheureusement, la communauté haïtienne-américaine est pauvre et n'a pas de politiciens représentant ses intérêts. En conséquence, nous ne pouvons bénéficier que des miettes qu'ils veulent bien nous jeter. Le problème est que la plupart des Américains d'origine haïtienne travaillent au salaire minimum et n'ont pas les moyens de contribuer aux campagnes politiques. Certes, il y a quelques professionnels d'origine Haitienne qui ont pu faire succès aux Etats-Unis, et certains même qui ont pu réussire de façon magnifique. Cependant, c'est l'exception et non la règle. Cette émission vise à éduquer la communauté haïtienne-américaine sur les différentes façons de gagner de l'argent aux États-Unis et à aider les entreprises haïtiano-américaine à atteindre leur plein potentiel.
The Haitian-American community doesn't really have a political voice in the United States. It takes money to capture the attention of politicians. Unfortunately, the Haitian-American community is poor and has no politicians representing its interests. As a result, we are left with whatever scraps they want to throw our way. The problem is that most Haitian-Americans are working minimum wage jobs and don't have the means to contribute to political campaigns. Granted, there are a few Haitian-American professionals who are doing OK, and some who are doing even more than OK. However, this is the exception and not the rule. This show aims to educate the Haitian-American community about various ways of making money in the United States and help Haitian-American businesses reach their full potential.